Ale nan kontni an
Gwoup Rechèch, Ankèt, Analiz ak Fòmasyon

Konsènan Gwoup RANFÒ

Kiyès nou ye?

Gwoup RANFÒ se yon akwonim ki vle di Gwoup Rechèch, Ankèt, Analiz ak Fòmasyon.

Se yon fèm konsiltasyon ak rechèch ki kanpe pou pouse pèfòmans antrepriz, òganizasyon ak enstitisyon yo pi devan. Ak yon apwòch plidisiplinè, nou vle ede rezoud anpil pwoblèm teknik, òganizasyonèl ak pwofesyonèl.

Misyon

Misyon nou se akonpaye antrepriz, òganizasyon lokal, òganizasyon entènasyonal, kolektivite teritoryal, pati politik, antreprenè ak lòt moun nan chemen yo, nan mete anpil zouti analiz nan men yo pou yo ka jwenn pi bon rezilta nan pèfòmans yo.

Vizyon

Kontribye nan devlopman anpil antrepriz nan divès sektè epi ankouraje kreyasyon djòb nan peyi a sou tan long. Gen yon enpak reyèl sou teren an, nan pèmèt òganizasyon ak enstitisyon yo pran desizyon ki baze sou done anpirik e serye.

Valè

  • Rigè

    Analiz nou yo solid sou plan metòd, yo pase anba griy lekti ki sevè.

  • Inovasyon

    Nou itilize nouvo teknoloji ak metòd analiz modèn pou jwenn pi bon rezilta.

  • Ekselans

    Nou toujou ap amelyore kalite sèvis ak pwodui nou yo pou kliyan nou yo gen pi bon eksperyans.

  • Entegrite

    Nou trete done yo konfye nou yo ak etik epi nan pi gwo konfidansyalite.

Ekip nou an

  • Jacky Rodson THÉODORE

  • Kerns JOSEPH

  • Roosevelt P. E. D. Jr FLEURANT

  • Rochard Eliamar ELOI

Pwofil ou ka ranfòse fèm nan?

Vin nan ekip nou an